Tèm ak Kondisyon Sèvis ALE LA
Dènye mizajou: 1 Septanm 2026
Bienvini sou ALE LA! Tanpri li Tèm ak Kondisyon sa yo ak atansyon anvan ou sèvi ak sit entènèt nou an (https://app.alela.store) oswa aplikasyon mobil nou an.
Lè w aksepte kreye yon kont, kòmande yon sèvis, oswa navige sou platfòm nou an, ou dako pou w respekte tout règleman ki ekri nan dokiman sa a.
1. Aksè ak Kreyasyon Kont
- Laj Minimòm: Ou dwe gen omwen 18 ane pou w kreye yon kont ak sèvi ak sèvis nou yo san asistans yon paran oswa yon tutè legal.
- Presizyon Enfòmasyon: Ou pran engajman pou w bay enfòmasyon ki egzak, veritab, ak konplè (non, adrès, nimewo telefòn, elatriye) lè w ap kreye kont ou.
- Konfidansyalite Kont: Ou responsab pou sekirite mot de pas ou ak tout aktivite ki fèt sou kont ou an.
2. Sèvis ALE LA Bay
ALE LA se yon milti-sèvis (super-app) ki konekte itilizatè yo ak diferan prestasyon sèvis, tankou:
- Livrezon pake ak kòmand manje/mache.
- Rezèvasyon kous taksi.
- Sèvis pwofesyonèl ak rezèvasyon lojman/pwopriyete.
ALE LA ka aji kòm yon entèmedyè ant ou menm ak twazyèm moun (vandè, chofè, prestatè sèvis). Nou fè tout posib nou pou zagreyaj ak bon jan kalite sèvis yo respekte.
3. Kòmand, Peman, ak Tarifikasyon
- Pri ak Frè: Tout pri pou pwodwi, sèvis, livrezon, ak kous yo afiche nan aplikasyon an. Frè livrezon oswa sèvis yo ka varye selon distans, kote, oswa Demand lan.
- Metòd Peman: Peman yo ka fèt pa kat debi/kredi, bous elektwonik, oswa cash lè ou resevwa kòmand la (si opsyon an disponib).
- Konfèmasyon Kòmand: Yon kòmand konsidere kòm konfime depi li valide nan aplikasyon an.
4. Anilasyon ak Ranbousman
- Anilasyon pa Itilizatè a: Ou ka anile yon kòmand oswa yon kous selon kondisyon ki etabli nan Règleman Anilasyon nou an. Yo ka aplike frè anilasyon si chofè an oswa machann nan te deja kòmanse prepare/transpòte kòmand la.
- Ranbousman: Tout demann ranbousman ap trete anfòm ak Règleman Ranbousman ALE LA.
5. Responsablite ak Entèdiksyon
Itilizatè yo pa gen dwa:
- Sèvi ak aplikasyon an pou okenn aktivite ilegal, fwod, oswa kriminèl.
- Transpòte bagay ki entèdi pa lalwa (zam, sibstans ilicit, elatriye) atravè sèvis livrezon oswa taksi nou yo.
- Fè abi sou chofè, livreur, oswa ajan sèvis kliyan nou yo.
ALE LA gen dwa sispann oswa efase kont nenpòt itilizatè ki pa respekte règleman sa yo.
6. Propyete Entellektyèl
Tout kontni, mak, logo, ak teknoloji ki sou aplikasyon ak sit entènèt ALE LA se pwopriyete ALE LA. Li entèdi pou kopye, distribye, oswa modifye anyen san otorizasyon alekri nan men nou.
7. Limitasyon Responsablite
N ap fè tout sa n kapab pou sèvis la disponib san entèripsyon, men ALE LA pa ka garanti ke sèvis la ap toujou san erè 100%. Nou pa responsab pou okenn domaj ki rive akòz rezo entènèt ki koupe, reta ki pa sou kontwòl nou, oswa pwoblèm ki soti nan twazyèm pati.
8. Mizajou nan Tèm yo
Nou gen dwa modifye Tèm ak Kondisyon sa yo nenpòt ki lè. N ap enfòme itilizatè yo lè gen gwo chanjman ki fèt. Si w kontinye sèvi ak platfòm la apre mizajou yo, sa vle di ou aksepte nouvo kondisyon yo.
9. Juridiksyon ak Lalwa Aprikab
Tèm sa yo reji epi entèprete dapre lalwa an vigè yo. Nenpòt litij ki ta rive ap regle nan tribinal konpetan yo.
10. Kontakte Nou
Si w gen kesyon sou Tèm ak Kondisyon sa yo, tanpri kontakte nou nan: